
1989 - 2026
Innocent Timot, ki te gen 36 an, ki te rete Columbus City, te ale nan repo etènèl nan Mèkredi 15 Avril 2026 nan University of Iowa Hospital. Vizitasyon ap fèt Vandredi 1ye Me 2026 soti 4:00 PM rive 7:00 PM nan Snyder & Hollenbaugh Funeral & Cremation Services nan Columbus Junction; yon sèvis lapriyè ap fèt a 5:00 PM. Sèvis fineray la ap selebre Samdi 2 Me 2026 a 10:00 AM nan Marion Avenue Baptist Church nan Washington. Antèman an ap fèt nan Columbus City Cemetery apre sèvis la. Ofrann an memwa Innocent ka fèt pou madanm li, Jesline, ak pitit li yo.
Innocent Timot te fèt 3 Oktòb 1989 nan Gonayiv, Ayiti, pitit Maurice ak Joiceline (Romelus) Timot. Nan dat 15 Jiyè 2015, li te ini nan maryaj ak lanmou lavi li, Jesline Saincilus, nan vil natal li Gonayiv. Fanmi te nan kè lavi li, epi pitit li yo te pi gwo benediksyon li.
Li te yon manb fidèl, devwe ak aktif nan Marion Avenue Baptist Church, kote li te sèvi Senyè a ak tout kè li, e kote li te jwenn fòs espirityèl ak sipò nan kominote li. Innocent te gen yon gwo pasyon pou kondwi kamyon, e li te fè travay li avèk anpil respè ak fyète. Yo pral sonje li pou lafwa li, kè jantiyès li, lespri li ki te plen lavi, ak yon souri ki te konn pote limyè ak kè kontan tout kote li te pase.
Moun ki rete pou onore memwa li se madanm li depi 10 zan, Jesline; marasa li yo ki gen 18 Mwa, Ivennat ak Ivennot; frè ak sè li yo Moslin, Jacki, Jacklin, Veline, Shelda, Janine ak John; ansanm ak fanmi pwolonje li, zanmi li, ak lòt frè ak sè li yo Maucelin, Jacky, Jacklin, Michelet, Johnsley, Veline, Shelda ak Jeannine.
Li te pran devan yo nan lavi etènèl pa paran li, Maurice ak Joiceline.
Innocent Timot, 36, of Columbus City, passed away on Wednesday, April 15, 2026 at the University of Iowa Hospital. Visitation will be held on Friday, May 1, 2026 from 4-7 P.M. at Snyder & Hollenbaugh Funeral & Cremation Services of Columbus Junction; there will be a prayer service at 5 P.M. Funeral services will be held on Saturday, May 2, 2026 at 10:00 A.M at the Marion Avenue Baptist Church in Washington. Burial will be at the Columbus City Cemetery following the service. Memorials in Innocent’s name may be made to Jesline and their children.
Innocent Timot was born on October 3, 1989, in Gonaïves, Haiti, to Maurice and Joiceline (Romelus) Timot. On July 15, 2015, he married the love of his life, Jesline Saincilus, in his hometown of Gonaïves. Family was at the center of Innocent’s life, and his children meant everything to him. He was a devoted and active member of Marion Avenue Baptist Church, where he found strength and community. Innocent had a passion for driving big trucks and took great pride in his work. He will be remembered for his vibrant spirit, warm heart, and the kind of smile that could light up any room.
Those left to honor his memory are his wife of 10 years, Jesline; 18-month-old twins Ivennat and Ivennot; siblings Moslin, Jacki, Jacklin, Veline, Shelda, Janine, John, Maucelin, Jacky, Jacklin, Michelet, Johnsley, Veline, Shelda and Jeannine; along with his extended family, friends, and in-laws.
He was preceded in death by his parents Maurice and Joiceline.
Visitation

603 Second St
Columbus Junction, IA 52738
319-728-8151
Website
Funeral Home in Charge

603 Second St
Columbus Junction, IA 52738
319-728-8151
Website




